We Believe JesusFé, Esperança e Nova Vida

Psalms 121

Haitian: Haitian Creole Bible · haitiano

← Psalms 120 Psalms Psalms 122 →

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

2Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

3Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

5Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

7Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

8L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

← Psalms 120 Psalms Psalms 122 →