We Believe JesusFé, Esperança e Nova Vida

Psalms 100

Haitian: Haitian Creole Bible · haitiano

← Psalms 99 Psalms Psalms 101 →

1Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

2Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

3Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.

4Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!

5Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

← Psalms 99 Psalms Psalms 101 →